Èpès senpleks

VÈS (Viris Èpès Senpleks) se yon enfeksyon koze pa tip 1 (VÈS-1) ak tip 2 (VÈS-2) pli komen nan ilsè jenital. Jeneralman, enfeksyon èpès jenital koze pa VÈS-2. Li se yon maladi ki transmèt li pa rapò seksyèl

VÈS-2 enfeksyon

Siy ak Sentòm modifye

Nan enfeksyon primè epi ki retounen tout tan, la plipa de moun asentomatik (san sentòm) oswa montresiy piti oswa sentòm. Si ou gen sentòm, premyeplè yo parèt nan lespas de 2 semèn apre ke viris late transmèt.

Sentòm nan fanm enkli modifye

  • Pèt vajinal
  • Gratèl
  • Iritasyon nan anis (twou dèyè)
  • Ti blesi tout otou zòn jenital oswa dèyè
  • Enfeksyon nan bouch oswa sou lèv

“ti blesi lafyèv”

  • Sentòm tankou grip (fyèv ak glann

anfle)

Sentòm nan gason enkli modifye

  • Pèt nan pijon
  • Doulè oswa difikilte pou pipi
  • Tèt pijon an anfle oswa douloure
  • Iritasyon nan anis (twou dèyè)
  • Ti blesi tout otou zòn jenital oswa dèyè
  • Enfeksyon nan bouch oswa sou lèv

“ti blesi lafyèv”

  • Sentòm tankou grip (fyèv ak glann anfle)

Transmèt modifye

Enfeksyon viris Èpès Senpleks yo transmèt pa:

  • Transfè saliv (krache)
  • Sèks Vajinal, nan dèyè, oswa sèks

sousad (VÈS-2)

  • Kontak oral-jenital, oral-anal, ak anal-jenital
  • Manman ki enfektè pase sa bay tibebe pandan

y ap akouche pa vajen

Konplikasyon/Konsekans yo modifye

Si enfeksyon HSV an rete san trete li ka lakòz pou:

  • Blesi ki doulè nan jenital ki Retounen tout tan
  • Ogmantasyon risk pou trape enfeksyon VIH
  • Ogmantasyon nan efektivite nan moun ki enfektè

an VIHSi enfeksyon VÈS lan rete san trete, pandangwosèka lakòz pou:

  • Enfeksyon fatal nan tibebe ki fenk fèt

Tretman modifye

Pa genyen tretman pou èpès, men medikamanantiviral fè blesi yo ale pli vit. Tretman dwe enklimedikaman ke yon doktè preskri. Souvan yo itilize,Asiklovir, Famisiklovir, Valasiklovir avan epi pu lòtepizòd yo tou pou kòm terapi pou redwi yo.

Prevansyon modifye

  • Abstinans sou kontak seksyèl
  • Kapòt letèks ka pa redwi risk pou èpès jenital si kote ki enfektè an pa kouvri
  • Evite kontak seksyèl avèk yon patnè ki enfekte

Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon modifye

  • Sispann kontak seksyèl si siy yo oswa ou genyen

sentòm

  • Fè tès sondaj pandan gwosès
  • Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte [1]

Referans modifye

  1. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2007-02-25. Retrieved 2009-11-13.